À la Une

M ANVI EKRI

M anvi ekri, men ide yo pa vle vini M jis anvi ekri sou tout bagay Ekri poum di lavi mèsi Bref… ekri poum di razete babay. M anvi ekri sou moun fou,moun tèt dret Pale de tout tenten moun ap fè sou nèt. M anvi ekri sou peyim ki a la deriv Ekri sou […]

Lire la suite M ANVI EKRI

Toksik

Lanmou wach nan dom, lanmou met pou mwen… Se pa konsa chante a di? Lanmou wach nan do m lè li al fè m damou fou yon moun ki se yon mantèz konpilsiv , manipilatè double de yon wobo. Yon moun ki jis gen pwoblèm ak baw verite, nenpòt ti bagay la menm sa ki […]

Lire la suite Toksik

Veki

Ou pa konn ap mande tèt ou eske moun konn vreman ka renmen yon moun epi rayi l an menm tan? Pran yon ti chèz , pran yon vè dlo oubyen kleren w ka bwè a! Ou pral gen koze. Non pam se Claria Venet mwen gen 26 lane em son alkolik, mwen pa bwè […]

Lire la suite Veki

Kadav anbilan

Mwen ap viv nan yon sosyete kote yo kritike plis ke ede. Kote moun ki ta dwe la pou ou ap di ou degoute yo, e ke se atansyon wap cheche lè w pale de pwoblem ou pou lot moun konen. Kote lè yon moun pale de pwoblem mantal li yo plis di se vant […]

Lire la suite Kadav anbilan

KONFESYON

Mwen te nik rantre andan legliz la, tèt bese tankou tout koupab, mwen ale nan espas konfesyon an, m lage de jenoum atè epim di: Padonem mon pè paske m peche, m fè yon ak enpadonab, yon krim kem konen mwen pedi plas mwen nan paradi. Mwen konen seyè a te di pechew yo te […]

Lire la suite KONFESYON

Yon ti refleksyon

Anpil nan nou toujou ap mande kijan omo sa nou rele lakay nou masisi ak madivin yo, toujou konn joure konsa. Tout moun konen fow ta gen denye tèt grenn madichon moun fou a deyè w pouw ta al leve yon omo nan nich li, eben m panse m ka esplikew sa ki fè sa. […]

Lire la suite Yon ti refleksyon

Lizay!

Jodi a m pa vin rakonte nou bel istwa sou lanmou ak lavi, jodi a se jou raple lizay la. Nou menm Ayisyen nou renmen fouye kò nou de pye long nan vi prive moun, nou pa pran an kont strès, anksyete ak depresyon, Selman kreyatè a ban nou bouch, nou deside fòk nou fouye […]

Lire la suite Lizay!

Interro gare à toi!

Poukisa nou toujou panse ke se menaj ki ka brize kè yon moun selman? Podjab ti lespri bazik nou yo… Mwen? Premye kè brize m se te yon zanmi m ki te trayi m , sa te dechire kè m e sa te fè m tou monte yon mi, m te di si nan zanmitay […]

Lire la suite Interro gare à toi!

Pouvwa la FAM

Mwen te byen prese, li te midi em te sot livre yon koli, m potko manje em pat sou mize vre, m desann pi ba digicel la kote taxi 32 ak Ayopò yo ap chaje a, m monte epi map tann li chaje, te deja gen yon dam aje mwen salyel byen rapid epi fini, […]

Lire la suite Pouvwa la FAM

Retrovizè

Tout moun grandi ak yon manman kap ba yo atansyon ak lanmou, kap chouchoute yo mwen m granmoun depi tou piti paske m adapte m ak solitid mwen, M pat janm jwenn afeksyon yon manman em pat konn plenyen pou sa. Premye fwa m pral rann mwen kont ke m gon manman spesyal se lè […]

Lire la suite Retrovizè